Otorite ak Opozisyon peyi Venezwela-a dakò pou yo angaje yo nan dyalòg pèzib kap pèmanan

0 302

VENEZWELA__(TRiboLAND) Gouvènman Venezwela-a ansanm avèk opozisyon-an asèpte angaje yo nan yon dyalòg pèmanan kap chita sou lapè; se rezilta twa jou chita tande ki fèt nan Babedòs la.

Gouvènè Eta Miranda nan Venezwela, Hector Rodriguez ki te patisipe nan negosyasyon yo, deklare sou television Venezwela jodi Jedi 11 Jwiyè 2019 la. “Nou asèpte pou nou angaje nou nan dyalòg pèzib kap pèmanan e nou arive jwenn yon chemen dantant ki pwal fasilite nou travay definitivman ansanm yon fason pou nou pèmèt lapè renye nan peyi-a”.

Byen bonè semènn sa, Pwezidan Venezwela-a, Nicolas Maduro te deklare chita tande avèk lidè opozisyon-an te kòmanse pwan chè sou lil Babedòs la, nan Karaib la. Konsa, pandan anpil moun ap bat bwavo pou tou 2 kan yo ki arive chita e diskite; dyalòg ant gouvènman Ayisyen an avèk opozisyon-an rete yon veritab iluzyon nan panse tout moun.

Leave A Reply