Eske se vre Will Smith otorize madanm li kouche avèk yon rappè?

403

Nan yon tèt a tèt avèk Angela Yee pou “The Breakfast Club”, rappè August Alsina konfime ke li genyen yon relasyon avèk manman Jaden ak Willow, avèk pèmisyon papa yo Will Smith ki trè repute. “Konsa, mwen chita avèk Will e mwen te genyen yon trè bèl konvèsasyon avèk li patikilyèman sou evolisyon maryaj yo sou fòm viv an patnè… li ban mwen gras ak benediksyon”.

August Alsina genyen 27 lane, se te nan lane 2015 ke Jaden te prezante chantè a bay manman l, Jada Pinkett Smith ki genyen 48 lane. August deklare ke tout moun vinn trè pròch ak lòt…

“Pandan plizyè ane nan vi mwen, mwen bay tout mwen menm nan relasyon sa, e mwen reyèlman, reyèlman tonbe amoure, e mwen genyen yo gwo chato lanmou pou Jada. Mwen konsakre tèt mwen pou sa, e mwen totalman konsakre’m pou sa – a on pwen kote ke mwen kapab mouri koulya e di tèt mwen ke mwen reyèlman livre tout mwen menm nan men yon moun.”

Page Six te kontakte ekip Jada Pinkett Smith lan ki konfime okontrè ke tout bagay sa yo konplètman manti”.

Comments are closed.