Direksyon jeneral ONI a anonse 15,000 nouvo kat idantifikasyon pou moun nan milye rekile yo nan Grandans.

1,318

03-16-2023

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Nan objektif pou gouvenman anplas la fasilite peyizan yo jwenn kat idantifikasyon nasyonal yo, Direktè jeneral ofis nasyonal idantifikasyon an, mesye Renold Guerrier kite akonpaye minis afè sosyal lan mesye Pierre Ricot Odney, lanse jodi jedi 16 mas 2023 a, posesis anrejistreman 15,000 peyizan pami 24000 fanmi vilnerab nan kad pwogram klere chimen an.

Pwogram sila ki genyen pou dire 5 lane e lap fèt atravè 14 komin nan depatman Grandans lan. Patisipan yo ap kapab genyen opòtunite pou yo benefisye tchotcho nan kad pwogram ministè Afè Sosyàl la, ak bourad lajan Bank Mondyàl la, san konte ti kòb ki soti nan trez`o piblik la.

Comments are closed.