Chanpyona ministè Jenès espò ak aksyon sivik branch Nòdwès la, ap vanse seryezman.

1,154

Chanpyona entè-eskolè direksyon depatmantal ministè Jenès, espò ak aksyon sivik la, ap dewoule nan divès kategori nan vil Pòdpè.
03-
Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou pwomouvwa edikasyon fizik ak espòtif nan site Kapwa Lamò a, direksyon depatmantal ministè Jenès, espò ak aksyon sivik, ki genyen nan tèt li, Kotch Walkens ke tout moun konnen sou non Kotch Vwa, tanmen yon chanpyona entè-eskolè, ki reyini lekòl prive kou piblik,yon mannyè pou amelyore pwen fèb lakay divès jèn jwè nan site a epi konsolide pwen fò yo.


Chanpyona sila kap dewoule sou plizyè kategori tankou : U17 ak kategori Openn, deja atenn dezyèm jounen li, kote Filadelfi tonbe 6-0 devan enstiti miks Basyon Savwa nan kategori U17 epi nan sa ki konsène kategori Openn nan, enstitisyon klasik Pitagò ta pral kraze Ebenezè 3-0.

Pwomèt yon lòt aspè nan zafè foutbòl nan depatman Nòdwès la, Direktè Walkens bò kote pal, anonse yo gen pou yo lanse sinyàl la nan tout lòt komin nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.