Latèrè group gang sangwen achte plizyè lokalite nan Petyonvil lajan kontan, aprè visit diplomat ameriken an, Brian A. Nichols.

1,075

Par Enel Richard    –   03-09-2023

Komin Petyonvil, klotire jounen jedi 9 mas 2023 a, nan gro latèrè ak katchouboumbe kout zam gang sangwen kap teworize abitan kap viv nan zòn tankou: Kolèt, Meyòt ak Wout Frè.

Enfòmasyon yo ta vle fè kwè se yon seri bandi ki fè pati baz “Kraze Baryè” ki tap simen panik gro kout zam tribò e babò. Fas ak yo parèy tèrè, rezidan yo te oblije kazène anndan lakay yo.

Yon sous polisyè ta konfime plizyè dispozitif ranfò lapolis te delwaye e tap fè bwàs pou te vini sekoure plizyè polisye ak manm fanmiy yo ke gang sangwen tap menase nan diferan lokalite sa yo nan komin Petyonvil.

Paralèlman, pandan ke sant gè sivil ap degaje anndan peyi Dayiti, jodi jedi a, sekretè Deta annaprè Afè Emisferik oksidantal peyi Etazini an, Brian A. Nichols kite peyi Dayiti, aprè yon lòt visit ki plis chita sou menm chanson dilatwa ak moratwa yo. Pou kèk kritik, visit sila ki pami yon latriye ki deja fèt deja, pa kanpe sou anyen. Li plis chita sou bay PM defakto Ariel Henry benediksyon Wachennton nan objektif pou kontinye dezumanize nasyon ayisyèn nan.

Gen lòt ki ale pi lwen pou deklare; “se pase yo kontinye ap pase pèp ayisyen aba betiz, yon pèp kap mouri chak jou anba gro zam kap soti lakay pròp diplomat la ki reyitere volonte prezidans Joe Biden, ki te swete wè Ayiti plonje nan Karaib la, lè li te senatè”, daprè Romulus, yon rezidan Petyonvil.

Nap raple, pandan pasaj li nan peyi Dayiti, Diplomat Brian A. Nichols fè eko de yon seri gro magogo lajan peyi Etazini debloke pou asiste peyi Dayiti, patikilyèman nan sove lavi yon pakèt krityen vivan; sepandan, youn nan bagay ki echape Mesye Nichols, anpil nan èd sa yo al jwenn pròp dirijan antipèp ke yo plase atravè eleksyon fomamit. Anplis, kolera a, se te yon pwazon enjekte, yon mak fabrik okipasyon pichon LONI, paske Ayiti pat janm genyen kolera.

Enel Richard, Pòtopwens

Comments are closed.