Yon endividi mòtèlman blese nan site Kapwa Lamò a

746

03-06-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Jodi lendi 06 mas 2023, rezidan kap viv nan Ri Stenio Vincent nan site Kapwa Lamò a, leve jwenn kadav Marcnel ensikoni kap benyen nan san-l, pi wo Sogebank lan. Daprè detay TRiboLAND arive anrejistre, Marcnel ta sanble tonbe anba bal Lapolis nan lannwit dimanch 05 pou leve lendi 06 mas 2023.

Daprè divès moun ki te sou plas, Marcnel se yon prezime bandi Lapolis tap chèche tankou chyen fou, ki abitye patisipe nan bagay ki louch ou ki pa dwat.

Comments are closed.