Direktè BMPAD la mande pou Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif vin fè odit nan biwo enstitisyon an

444
3
Share:
TRiboLAND


08 – 28 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Direktè Jeneral “Bureau de Monétisation des Programmes d’Aide au Développement” (BMPAD), mesye Ignace Fils Aimé Saint-Fleur ekri Prezidan Lakou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif (CS/CCA) mesye Rogavil Boisguéné, pou mande’l vin kale 2 je nawè li nan odite biwo lap dirije a depi avril 2017 la pou bonjan transparans ak jerans.

Direktè BMPAD la rale atik 200-4 nan konstitisyon 1987 amande a, ki bay dwa pou fè yon tèl demand. Nan Korespondans lan, Direktè a mande CS/CCA anplis odit yap fè a, yo dwe pote yon jijman sou fason lap jere bwat la epi pou ba li dechaj.

Direktè a fini pou di, li swete Lakou Siperyè Dèkont ak kontansye Administratif pa pran twòp tan pou reponn ak demand li a, nan kad dosye sila.

Share:

3 comments

Leave a reply