Jean René Jacob : “Sou tout repiblik peyi Dayiti, Leta dwe meri yo anviwon 32 mwa aryere salè”.

1,174

03 -06-2023

Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li bay TRiboLAND jounen lendi 06 mas 2023 a, nan biwo li, Mè adjwen komin Gran Gwav la, Jean René Jacob alias Malgachi, fè konnen sou tout repiblik Dayiti, Leta Santral dwe anplwaye ak komisyon kominal enterimè yo anviwon 32 mwa lajan travay yo.

Ajan ekzekitif enterimè Meri Gran Gwav la deklare, li anòmal pou genyen sitwayènn, sitwayen kap travay pandan 32 mwa san touche yon goud Lesko, aloske majorite ladan yo genyen gwo responsabilite sou do yo tankou: kay pou peye, timoun pou pran swen ak voye yo lekòl, e latriye.

Majistra enterimè nan site Phito Gracia a, Jean René Jacob esplike sa ki plis fè’l mal la, se pou anplwaye vwari yo kap touche 4 mil goud epi yap pase 32 mwa yo pa jwen yon goud. Sitiyasyon sa a, lakoz anplwaye yo souvan tonbe an reblelyon avèk yo.

Yon lòt kote, Mè adjwen an, Malgachi deplwore mòd fason li di, chèf gouvènmen defakto Ariel Henri a, ap mennen bak peyi a. Ajan enterimè a kap poze tèt li kesyon pou konnen èske se yon peyi mesye Ariel ap administre la. Daprè li menm, peyi a efondre e pa genyen absoluman anyen kap mache.

Pou Malgachi, se yon kolònn bandi ki se sèl kòk chante kap fè lalwa, yo touye,yo vyole,yo rache, yo kidnape moun lè yo vle, kote yo fè sa yo pipito anba je tout otorite ki nan konfyolo avèk yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.