Legliz Asanble Verite Prezant nan tèt kole avèk Legliz Rès Posterite nan vil Pòdpè mete fen ak 2 semèn fòmasyon sou sante.

246

01/16/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yo te plizyè dizèn jèn kretyen ak granmoun ki te reponn prezan pandan 2 semèn fòmasyon nan vil Pòdpè pou te resevwa fomasyon sou la santé. Yon parèy fòmasyon te arive materyalize gras ak dirijan jenès legliz Rès Postérité 7e Jou yo ansanm ak Asanble Verite Prezant ki te delege yon group misyonè ki sòti nan peyi Etazini ki gen nan tèt li pastè Irosner Gervelus ak divès lòt pèsonalite ankò. Se yon fòmasyon ki te kòmanse depi 3 janvye 2021 an ki te rive kaba jounen 14 janvye 2021 an.

Nan libelé fòmasyon an, responsàb yo te mete aksan sou rejim alimantè, tankou sa moun ap manje ak sa moun ap bwè. Pastè Irosner Gervelus ki tap tradui pou fòmatè yo ki tap pale anglè fè konnen, gen anpil mikròb ak maladi nou pran tankou tansyon, sik, ak tout lòt kalite maladi tankou diabèt; se fason moun ap manje e bwè ki pa kòrèk. Nan fòmasyon sa a, yo te prezante yon pakèt ak yon latriye medikaman ak rejim pou konbat tout kalite maladi moun pran nan pratike vye metòd konsomasyon.

Reveran Pastè Irosner Gervelus mete konfyans li nan jèn fòmatè sa yo; konsa, li deklare ke osito jèn sa yo fini resevwa fòmasyon sa a ki te dire 30 jou, yo anmezi pou pote èd ak soutyen ak moun ki nan nesesite e ede jèn parèy yo tankou granmoun nan fason yo dwe manje jan sa dwa.

Sèvitè Bondye a fini pou di lap tann yon rezilta pozitif ak nan fason jèn sila yo pwàl pwogrese epi ede lòt yo respekte tout bon vre rejim alimantè pou yo rete an sante pou preche levanjil de gras ak sali pa lafwa a!

Jehrbson PETIT

Comments are closed.