Ayiti: Opozisyon an ap repwan beton an

0 297

03-07-2019

Pòtopwens__(Triboland) Plizyè gwoup nan opozisyon an detèmine ankò yon fwa ayè Mèkredi a pou repwann aktivite okipe beton an e kontinye mobilize pou rele chalbarik dèyè gouvènman Moise – Ceant. Òganizasyon yo ki kreye yon fwon komen ki rele Konbit oganizasyon politik, sendika ak popilè anonse 2 jou manif pou jodi Jedi a ak demen Vandredi a nan Pòtopwens. 2 jou mobilizasyon sayo jwenn sipò òganizasyon tankou Pati Pitit Desalinn, younn nan mouvman politik ki pi farouche kont govènman Jovenel Moise la.

“Tout diskisyon ak chita pale ak pouvwa madichon Jovenel Moise la, se diskite enkondisyonèlman dabò depa li nan tèt peyi a”, se deklarasyon ansyen Senatè Moise Jean Charles, Sekretè Jeneral Pati Pitit Desalinn nan.

Antretan, chanm palmantè a sot refize kategorikman rankontre Sou-Sekretè Ameriken an, Mr. David Hale kite an visit an Ayiti ayè Vandredi a nan kàd yon tantativ diskisyon sou marondaj kriz la ak pretext pou ranfòse konfyans ak transparans ki kapab fasilite yon chita tande nasyonal san exkluzivite.

Antouka, pozisyon palmantè yo ak tout lòt antite ki gen enterè oupa nan peyi a estime keyo fatige e gen kè plen ak vye pwatik rasis neoliberal swa dizan peyi ki di yo se zanmi peyi Dayiti. Kontrèman, se yo ki mete nou nan sa nou ye la! E yo detèmine pou kenbe nou nan gòj jiskaske yo ekstèmine nou antan ke pèp! Yo pa reyèlman vle ede-w avèk onètete, ni yo pa vle-w chèche èd lòt kote tou!

Ebyen, malgre jarèt ak sipò peyi Etazini anfavè pouvwa Jovenel Moise la, volonte pou vanse ak pwotestasyon yo pa sanble bagay senp. Divès manif prevwa nan tout vil yon fwa ankò pou sekwe peyi a; e obsèvatè yo ap mande èske peyi Dayiti kapab pwan yon lòt mouvman “Peyi Lock” ankò!

Jacob Bendallam

Leave A Reply