Yon lòt 43 milyon dola fè toubouyon, ULCC rele ansyen minis ekonomi ak finans lan, Yves Romain Bastien venn rakonte

434

Pòtopwens___(TRiboLAND) Ansyen minis Ekonomi avèk Finans lan sou administrasyon Privert avèk Jean-Charles la, Yves Romain Bastien ak tout ansyen pwezidan Conseil d’Administration de la Banque National de Crédit (BNC), Fernando Robert Pardo gen pou yo pase anba entèwogatwa devan responsab Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC).

Seyans odisyon devan ULCC a ap gen pou kouvwi plizyè pwen: pwojè reparasyon aewopò Toussaint Louverture a ki te estime pou yon montan 43 milyon dola vèt ki te dekese nan mwa me 2016, ki te pase anba tab bay yon konpayi peyi Lachenn.

Konsa, pwojè pat menm manke egzekite e gouvènman Jovenel Moise la pa jamè fè tantativ pou rekipere magogo lajan sa. Sa ki pi rèd la, ta sanble pwezidan Jovenel Moise ta resevwa 31 milyon dola vèt apwè 2 lane dekesman an.

Comments are closed.