Lapolis nan komisarya santral Tigwav prezante bay lapwès Frantz Casimir ki se yon evade prizon.

07 – 31 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan Komisarya Santral Tigwav la, prezante bay laprès jounen mèkredi 31 jiyè 2024 la, Frantz Casimir ki se yon evade prizon. Frantz Casimir arete nan lannwit madi 30 pou louvri mèkredi 31 jiyè 2024 la, nan zòn Mache Seradòt wout nasyonal # 2 a.
Selon enfòmasyon lapolis pataje ak lapwès, Frantz Casimir se yon evade prizon li te sove nan Penitansye Nasyonal, apwè’ l fin sove nan prizon, li ta’p feraye nan baz 400 Mawozo nan komin Kwadèboukè. Bandi, sangwen kap kouri pou fòs miltinasyonal kenyane nan, nan sans sa a, al kwaze bab pou bab ak yon patwouy polisye ki arive fouke evade Casimir sangwen an e pwosede ak arestasyon li.