Me yon metòd ki kapab fè dòmi pran ou nan 2 minut

549

04/11/2021

(TRiboLAND) Sòlda ameriken yo itilize trik sa pandan plizyè ane e li pèmèt dòmi pran yo nan 2 minut sèlman. E kwè’m si ou vle, sa mache pou 96% sòlda.

Baleyàj kòporèl

Pwemye pati nan trik la, gen pou wè avèk baleyàj kòporèl. Ou pràl etann tout musk ki nan kò ou youn apwè lòt.

  1. Kòmanse etann musk sou visaj ou: nan fwon ou, nan kontou zye ou, nan machwè ak nan lang ou. Apwè sa relache epòl ou e kite musk yo detann.
  2. Koulya fokus sou bwà dwàt ou, detann musk yo e kòmanse anwo pou rive anba, nan anba bwà jiska nan men ou. Repete menm egzèsis la pou bwà goch la tou.
  3. Enspire konplètman e kite pwatrin ou detann.
  4. Koulya detann musk nan janm ou yo. Kòmanse anwo pou rive anba; detann kwis ou avan, answit jenou, tibya, e finalman pye ou.

Me Dezyèm Pati a

Koulya tout musk ou yo fin detann, li bon pou fè yon vizyalizasyon. Fèmen zye ou e imajine kèk nan sitiyasyon sa yo. Chwazi sa kap pi bon pou ou a:

  1. Ou alonje nan yon amak nwà nan yon pyès kay ki totalman fè nwà.
  2. Ou alonje nan yon piwòg ou yon kannòt bwà fouye, kap flote sou dlo. Dlo a reyèlman kalm e syèl ki sou tèt ou a genyen yon bèl koulè ble fonse san pa genyen yon ti kal nyàj ladan’l.
  3. Pandan dis segon, repete nan tèt ou mo sa yo “pa panse, pa pa panse, pa panse”.

Sis semèn

Si sa pa mache rapid, pa dekouraje pou ou voye sa jete. Sa kapab pran jiska sis semen pou ou arive metrize yon parèy metòd kap vini pi fasil. Antouka kontinye pa lage! Si ou vle, ou kapab fè lòt vizyalizasyon ki pi gen pwà. Imajine ou nan yon prèri tou vèt anba yon solèy cho, oubyen sou yon plaj ki kalm kote vag lanmè a ap bat pou anbwase tout dousman sàb la. Oubyen imajine yon liyn bèf ka travèse anlè yon barye youn apwè lòt. Bònn Nwi!

Comments are closed.