Ansyen majistra prensipal komin Tigwav la, Marc Roland Justal mande aktè politik yo mete tèt yo ansanm pou retire peyi a nan fatra ke li ye a.

816

03 – 23 – 2024

Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen majistra prensipal komin Tigwav la Marc Roland, nan yon entèvyou li akòde laprès aprè midi samdi 23 mas 2024 la, mande tout sektè politik yo mete tèt ansanm pou jwen yon fòmil ki pou retire peyi a nan kriz ke li trouve’l jounen jodia.

Ansyen majistra Roland, priiye sektè politik la, sektè prive a, sosyete sivil la, pou mete tout enterè mesken yo dekote pou sove peyi a pandan l fè konnen, popilasyon an kapab ankò,

Ex-majistra a deklare, li sezi tande se ekip moun ki kreye kriz, ki kraze peyi a, epi se yo menm ki fè pati Konsèy prezidansyèl la pou pote solisyon, li kwè demach Karikòm nan pap kapab rezoud galimatcha sa ki la a.

Toutfwa, ansyen majistra Marc Roland Justal ankouraje aktè politik yo pou fè yon deplasman deswa pou liberepPeyi a; pou moute yon nouvo gouvènman tranzisyon pou rezoud problèm ensekirite a, òganize eleksyon epi dote peyi a, yon prezidan lejitim djanm pou mete kanpe tout enstitisyon ki kraze plat atè.

Comments are closed.