Lapolis fouke senk trafikan dwòg nan Nòdwès peyi a.

923

02-18-2023

Chansòlm, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li fè sòti vandredi 17 fevriye 2023 a, Lapolis nan komin Chansòlm, depatman Nòdwès entèpele senk trafikan ou machan dwòg e sezi plizyè pakè magogo pwodwi ki tèt koupe ak kokayin.

Machan dezagreman yo ki pote non: Louis Judenel, Louis Manifs, Romain Filidor, Joseph Robenson e Franky Pierre te sou yon machin Terrios, imatrikile AA-94444. Fòs lòd yo jwen 4 pakè pwodwi ki ta sanble frè kokayin aprè analiz ak tès ki revele pozitiv, daprè ajan BLTS yo.

Nan moman nap rapòte a, prezime machan dwòg yo trouve yo nan gadavu pou swit legal yo avèk lajistis nan vil Pòdpè.

Comments are closed.