Mèyè genyen tikal konsyans: se pawòl ki soti bò kote Prezidan Lig Pastè legliz pwotestan yo nan Jeremi.

827

04 – 07 – 2024
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Fas ak kriz tout kalamite, mizè, chomaj, ensekirite jeneralize, makònen ak salte, absans lopital, kelkeswa moun li ye a, nan sosyete jeremyènn lan, Prezidan lig pastè yo nan Jeremi, Remy Bernadé ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, mande sektè politik ayisyen yo, ak kominote entènasyonal lan, swadizan ki di yo se zanmi Ayiti, pwan tikal konsyans. Gade nan ki eta kritik yo mete pèp ayisyen an. Libere Peyi a!

Reprezantan legliz pwotestan yo nan Jeremi, Pastè Remy Bernadé, finalman ankouraje kretyen yo, non sèlman yo dwe pi fè m nan lapriyè, men tou fòk yo aktif nan desizyon pou libere Ayiti anba grif lisifè yo.

Comments are closed.