Kòdonatè kazèk 12èm seksyon kominal Dèfoug Tigwav la, distribiye valiz bay plizyè dizèn elèv nan lekòl Nasyonal Tapyon.

78
0
Share:
TRiboLAND

10 – 07 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Prezidan katèl Kazèk 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav, Nosalito Soliman akonpaye manm asèk Francois Yves, distribye jodi mèkredi 07 oktòb 2026 lan, valiz bay plizyè dizèn elèv nan lekòl Nasyonal Tapyon an ak lekòl Nasyonal Nissage David nan ri Benwa.

Kazèk Nosalito Soliman ki pwofite ankouraje elèv yo pou yo pran aprantisaj oserye, e fè efò pou yo genyen konpòtman egzanplè. Pou Solima, se chita lekòl ak apran’n k’ap pèmèt yo arive avoka, enjenye, agwonòm, pwofesè, doktè, polisye, e militè; pandan li fè yo konnen se yo menm ki nan lekòl jodi a ki pral ranplase pwofesè yo demen.

Kòdonatè kazèk 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav la, Nosalito Soliman ankouraje tout paran ki poko voye timoun yo lekòl, fè efò e pa kite yo rete chita nan savann nan, yon fason pou yo pa tonbe nan sa ki pa bon nan sosyete ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply