Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm kondane zak vyolans yon ti elèv fi sibi anba men yon direktè lekòl epi mande Lapolis ak Lajistis pini agresè a dapwè Lalwa.

812

05 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MKFDF) konstate avèk endiyasyon, nan yon videyo popilè sou rezo sosyal yo, move tretman yon elèv fi tap sibi anba men yon direktè lekòl anndan yon sal klas. Nan videyo sila ki chokan anpil, direktè a bat epi trennen elèv la atè tankou yon bagay san valè jiskaske li endispoze. Elèv la te ka pèdi lavi l si se pat bon Bondye. Moun pa merite tretman sa a an jeneral alevwa pou yon ti elèv fi ki al lekòl pou l ap chèche moso levasyon. Lekòl pa kadre ditou ak vyolans.

Move pratik sila yo kontrè ak lalwa 2001 an, nan aktik 1 li ki entèdi kèlkeswa moun nan pou li maltrete yon timoun, pou kèlkeswa rezon an. Kidonk, direktè lekòl la komèt 2 enfraksyon. Premyeman, li vin lonje lis gason kap fè vyolans fizik sou tifi, dezyèman li vyole lwa 2001 an ki kondane tout fòm vyolans ak chatiman kont timoun.

Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MKFDF) kondane zak kriminèl sa a ak tout fòs li epi mande pou otorite lapolis ak lajistis yo, nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mennen bon jan aksyon pou pini agresè a selon Lalwa. Lekòl se yon espas sosyalizasyon ki sakre e ki la pou bay enstriksyon ak edikasyon ak bon jan legzanp konpòtman moun dwe genyen nan sosyete a, se pa yo gagè ni yon jeng bòks pou bouwo vin eseye fòs yo sou timoun k’ap chèche moso levasyon.

Nan tout peyi sou latè, lekòl se kote yo ede moun vin oryante mounite ak panse yo pou itil sosyete yo. Lekòl se yon espas ki aprann moun viv ansanm, ki aprann moun konprann youn lòt, se yon espas ki aprann moun respekte epi aplike prensip sosyal yo pou yo viv an bon sitwayen san deranje lòt ni krache sou entegrite fizik ak moral lòt la. Lekòl pa dwe yon kote timoun al pran baton ak move tretman.

Atravè zak malonèt sa a, direktè a montre a klè li se yon chèf wonflè ki pa gen pitye pou timoun, alevwa pou tifi. Direktè sa a gen plas li tout lòt kote sof nan lekòl, yon lye sakre kote yo bay moun Edikasyon ak bon jan levasyon. Se pou sa MKFDF ap mande Minitè Edikasyon nasyonal pou sanksyone direktè sa a epi pou Ministè lajistis ak lapolis pran tout mezi pou arete epi pini sitwayen an kòmsadwa. Vyolans sou tifi dwe kaba toupatou nan peyi a, sitou anndan lekòl.

Comments are closed.