Direksyon depatmantal komès la nan Nòdès, vizite komin Kapotiy

814

02-13-2023

Kapotiy, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon pòs li fè jounen lendi 13 fevriye a, direksyon Komès depatman Nòdès la, fè konnen li vizite ti antrepriz yo nan komin Kapotiy.

Lesly Théogene ki se latèt estrikti komès sila, e ki bay tout nanm li pou sèvi popilasyon an, vizite ti antrepriz yo ki nan komin Kapotiy nan lide pou sansiblize yo jwenn ti kòb leta ap prete yo a.

Se yon prè kap pèmèt biznis yo avanse pandan w pap peye yon goud Lesko kòm enterè daprè sa Mesye Lesy Théogene fè konnen. Pandan pasaj yo, enspektè depatmantal yo verifye plizyè pwodwi tankou pwodwi kosmetik yo pou’n site kèk pami yo.

Direksyon depatmantal komès la mete li disponib pou kapab ale nan divès komin pou l sansiblize antreprenè yo. Li rapòte TRiboLAND lap gen pou vizite komin Karis jounen mèkredi 15 fevriye 2023 a. Konsa, li ankouraje tout moun ki gen ti biznis yo vin depoze pyès yo jan sa dwe fèt.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.