KPAN: Mouvman Sosyàl kap vanse nan kad misyon’l pou elaji yo nan Grandans

240
0
Share:
TRiboLAND

02-13-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou ede sosyete a nan depatman Grandans lan pwan konsyans e pa al vote pou 1000goud ankò, KPAN kise konsyans Pou yon Ayiti Nouvèl reyni nan Jeremi nan lokal konplèks adminystratif bòd week-end lan. Plizyè manm aderan yo ki soti nan 12 sou 14 komin depatman grandans lan, enpoze prezans yo.

Kòdonatè nasyonal KPAN lan, Junior Silméus te pwofite mete kanpe kodinasyon depatmantal KPAN, ki genyen nan tèt li mesye Octa Kinkys ki genyen pou misyon kòdone mouvman an apati ideoloji l.

Dapwè sa responsab yo konfyé TRiboLAND, Konsyans Pou yon Ayiti Nouvel (KPAN), pa yon pati politik ,men pito yon mouvman sosyal ki genyen pou misyon transfòme sosyete a, pou yon nouvel Ayiti.

Nouvo kodinasyon depatmantal lan, ak tout rès manm yo kite prezan nan wonble a pwomèt pou yo pwan travay ansanm pou bay rezilta espere yo.



Share:

Leave a reply