Divès sitwayènn e sitwayen nan Jeremi, leve vwa yo ansanm pou egzije redemaraj vòl komèsyal yo, sou Aedwòm Jeremi an.

339
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Sitwayènn ak sitwayen nan vil Jeremi leve vwa yo ansanm pou egzije minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, Enjenyè Raphaël Hosty, asime responsabilite li kòm minis leta ki okipe kesyon transpò nan peyi a. Daprè moun sila yo, minis Hosty, pandan vizit li nan jou pase yo, te bay garanti li pwal rankontre ak responsab konpayi aeryènn yo, yon fason rapid pou vòl komèsyal yo kapab repwann sou Jeremi, sa ke majorite a konstate ki pa janm fèt.

Moun sila yo, ki fè konen menm lè konpayi avyon sitou Sunrise fè yo achete tikè sou Jeremi, yo pa janmen respekte randevou yo pou avyon an vinn pwan pasajè tout bon vre nan Jeremi; depreferans yo egzije yo peye yon lòt lajan, pwan moto oubyen machinn pou al pwan avyon an Okay.

Klyantèl la ki genyen bouch lonje, konsidere zak malonèt sila kòm abi bò kote leta a ak responsab konpayi yo, ap fè moun kap pwan sevis la nan Jeremi. Sa yo mande minis travo piblik la, Raphaël Hosty, pou fè responsab konpayi yo, respekte dwa yo, ak jan sa fèt nan lòt peyi, kote dwa moun respekte sou tout fòm.

TagsJeremi
Share:

Leave a reply