Zak kidnapping sou yon mizisyen “Disip” nan Matisan

1,113

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Gro zak kidnapping anrejistre nan 3èm sikonskripsyon Pòtoprens, jodi maten vandredi 6 janvye 2023 a; Sexy Joe ki se keyboardist group mizikal “Disip”, Gazman Pierre alyas “Koulè”, arive kidnape anba men yon group bandi ame sangwen nan zòn Matisan.

Se te yon sèn dramatik, pou temwen ki te la; bandi yo te mete an bandoulyè yon machin devan yon otobis ki tap transpòte mizisyen Disip yo ki te soti pèfòme nan komin Kavayon nan penensil Sid peyi a. Bandi yo fè yon va sou otobis la e antre anba grenn je tout moun, poze lapat sou Sexy Joe, ki se yon nouvo mizisyen ki apènn ranplase BJ Wes, daprè sa kèk lòt media lokal rapòte.

Nap raple, nèg ame yo kidnape Sexy Joe, anprezans chèf Jazz Disip la ki te anba gro chòk, ki se Gazman Pierre alyas “Koulè”.

Comments are closed.