Pòdpè : Eskanmòtè yo pa rive idantifye kase “Radio Télé Formidable International” RTFI

915

02-02-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Endividi yo pa rive idantifye kase “Radio Télé Formidable International” ki trouve-l sou Mòn Betèl, Pòdpè, ki emèt sou frekans 101.5. RTFI pran kou a nan lannwit mèkredi premye pou leve jedi 2 fevriye 2023.

Malfwa eskanmòtè yo pote ale divès aparèy ki pou pèmèt Radio a fonksyone, epi anfale plizyè materyèl ki kontribye nan alimante enèji Radio a. Reseptè ak ekipman tèt nèg ki te konstitye mwayen pwodiksyon radyo, tout pote ale!

Swit ak zak malonèt sa, aprè konsta Jij Dumagène jodi jedi 2 fevriye vè 4:30 nan aprè midi, PDG Radio a, Joseph Exantus pran desizyon fèmen RTFI, pandan li pwomèt oditè ak kòmanditè yo yap louvri pa twò lontan.

Comments are closed.