Antreprenè Lorfils Wisly mande pou pèp Ayisyen tchoule ògèy yo yon bò, epi bay 3 kondisyon pou sove Ayiti.

1,224

Sinyal pou sove peyi Dayiti a, dwe voye nan tout seksyon kominal, komin yo, ak nan depatman yo, sinn ta vle kwè ansyen kandida pou pòs depite sou pati politik Pitit Desalin nan, Mèt Wisly Lorfils.

02-02-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke’l fè byen bonè maten jedi 2 fevriye 2023 a, Mèt Lorfils Wisly mande pèp ayisyen an retounen ak pratik viv ansanm yo ki, dapwè li menm, se yonn nan pòt delivrans pou peyi Dayiti.

Nan sans sa a, avoka ou antreprenè a fè konnen, li pa mande anpil pou pèp ayisyen an sove peyi Dayiti, jis yon lide, yon pawòl ak yon aksyon.

Pou li menm lide a se:

1- Fòk nou atann nou sou yon Pwojè Sosyete.

2- Fòk ayisyen fè pwomosyon Pwojè nan tout peyi a ak nan dyaspora a.

3- Fòk genyen yon kalandriye aksyon ki tradwi objektif yo.

Mèt Lorfils Wisly, ki se antreprenè, politològ, e yon natif natal depatman Nòdwès la, tèmine entèvansyonl lan poul mande pèp ayisyen an fè apèl ak fwatènite, konbit epi inyon yon mannyè pou rive sove peyi Dayiti kap efondre san kanpe.

Genson Hyppolite

Comments are closed.