Dosye konstwi mache piblik Jeremi an, pwofesè Jean Ernso Dauphin ak tout komisè gouvenman an voye manda bay majistra Sylmatha Pierre.

463
0
Share:
TRiboLAND

02 – 23 – 2025

Jeremi, Ayiti_____TRiboLAND) Apwè majistra komin Jeremi an Sylmatha Pierre deside itilize yon pòsyon nan katye Kamanyòl pou pwosede ak konstriksyon yon nouvo mache piblik pou vil Jeremi an, kafe a ta sanble vle koule avèk ma nan mitan otorite lokal yo.

Sou plent pwofesè Jean Ernso Dauphin, Komisè gouvenman pakè jiridiksyon Jeremi an, Mèt Jean Marie Gaetjeens Alexandre voye yon envitasyon bay prezidant komisyon kominal enterimè Jeremi an, Sylmatha Pierre, pou konnen nan ki kondisyon li itilize espas prive sitwayen yo, pou fasilite konstwiksyon mache piblik Jeremi an, pou yon peryòd 2 lane.

An revanche, majistra Sylmatha Pierre, denonse komisè gouvenman Jean Marie Gaetjeens Alexandre, kòm otorite ki kanpe ankwà anfas enterè popilasyon an pou afè tik out pas pèsonèl li nan pwoteje enterè lòt moun sou baz zanmitay. Konsa, madam Pierre mande minis Enteryè a, Paul Antoine Bien Aimé, pou di yon mo.

Share:

Leave a reply