Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) anonse yap fèmen tanporè sistèm koutim otomatik (ASYCUDA) apati demen samdi 1e jiyè a.

607

30-06-2023

Pòtoprens, Ayiti_______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki soti nan Direksyon Jeneral Administrasyon Ladwàn (AGD) jounen vandredi 30 jen 2023 a, responsab yo fè operatè yo ak ajan ekonomik konnen ke sistèm otomatik ladwàn lan (ASYCUDA) ap fèmen tanporèman apati samdi sa a, ki se premye jiyè 2023 pou 24 èdtan.

Direksyon Jeneral AGD enfòme operatè ekonomik ak pèsonèl ladwàn yo, ke sèvis antretyen ladwàn nan dwe fè pase men. Konsa, dispozitif sila ap pran, kòz antretyen planifye. Daprè nòt la, “fèmti sa a nesesè pou fè amelyorasyon ak ajisteman pou asire operasyon an pou yon sistèm alontèm.”

Anplis, AGD pran angajman pou l travay ak rapidite ak efikasite, yon fason pou arive minimize dire fèmti sa a pandan y ap konprann enpòtans ASYCUDA pou aktivite operatè ekonomik ak pèsonèl ladwàn yo.

Comments are closed.