Yon sitwayen mouri nwàye nan vil Sen Lwi Dinò

2,353

Par John Jean Jacques
01/09/2022

Sen Lwi Dinò_________(TRiboLAND) Popilasyon nan zòn Sen Lwi Dinò, lokalite Tirivyè, depatman Nòdwès peyi Dayiti, dekouvwi maten jodi dimanch 9 janvye 2022 a kadav yon endividi mouri nwaye.

Moun kap viv nan bouchi Tirivyè nan Sen Lwi, idantifye kò sanvi a sou non yon sitwàyen ki rele Gérard; selon rezidan yo, li ta sanble mouri nwaye pandan l tale boske lavi nan peche zangi.

Enfòmasyon ki rive jwenn ekip TRiboLAND nan ta fè konnen ke sitwayen sila a te toujou ap fè lapèch zangi nan bouchi Larivyè Ba, alòske pandan li nwàye a, kouran ta sanble bwote li jous nan bouchi Tirivyè.

Pwovèb kreyòl la di”Chèche lavi, detwi lavi”. Pou kounya, ekip la poko gen twòp detay sou kote mesye a sòti.

Nap raple’w mouvman peche zangi fè kenken nan rivyè kou nan lanmè depi yon bon bout tan atravè depatman Nòdwès; se yon bwàsaj ekonomik yon sèktè defavorize arive bwàse pou antre tchotcho.

Comments are closed.