Yon Yatch ki chaje ak blan fwanse jete lank li san pèmisyon nan zònn kotyè Zile Latòti

0 566

Boukan Gèp/Latòti___(TRiboLAND) Jodi 24 Mas 2020 an, byen bonè nan maten abitan nan zònn ki rele Boukan Gèp, ki se dezyèm seksyon kominal zile Latòti, abitan yo leve jwenn yon yatch ki gen abòl plizyè blan ki jete lank san onè san ti mouchwa sou zile a.

Yon sitwayen nan zònn nan selon kèk temwen te kouri abode yatch sou yon kannòt; li te remake ke yo tap pale fwanse e yo te menm ofwi li yon ti sachè bonbon dapwè revelasyon kèk temwen ki konfime ke popilasyon an te egzije karatènn pou sitwayen sila.

Konsa, plisyè moun nan popilasyon te kanpe an bandisyon kòm kwa pou pa kite vizitè sa yo pran chans desann bato a ke yo sispèk ki ta venn pote kowonaviris ba yo. Sa pat pran tan pou Kazèk  dezyèm seksyon an, Claudius Demelien te gen tan sou plas pou fè konsta e ki te akonpanye egalman yon gwoup moun ki tap fè pwesyon pou fè bato a degèpi l, dapwè direktè Lameri Zile Latòti a ki se Mèt Yacinthe Solivert.

Enfòmasyon yo fè eta egalman de desepsyon chèf Kazèk la te jwen bò kote Komisè Polis Pòdpè nan rapòte evennman an kote ke otorite Pòdpè a pat bay tròp enpòtans a yon parèy sitiyasyon; dayè li te menm deklare bay Kazèk la ke pa genyen sèvis Gàd Kòt. etranje ki ta pale fransè ki debake epi akoste

Leave A Reply