MSPP demanti kon chyen, rumè ki fè konpran ke Ayiti refize vaksen AstraZeneca a

392

04/08/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Pou pote yon demanti fòmèl sou rumè ki ta vle fè kwè ke Ayiti te rejte pwopozisyon Òganizasyon Mondyàl Sante (OMS) nan kàd ofri Ayiti vaksen AstraZeneca a, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) atravè direktè jeneral li, Dr. Lauré Adrien deklare pat jamè genyen bagay konsa ditou.

Ministè a demanti rumè sa yo kòm “Fake News! Ayiti pat janm refize oken vaksen,” dapwè Dr. Adrien ki rapouswiv pou’l di ke se yon move entèpretasyon ke yo arive fè sou yon parèy dosye.

Li raple ke kesyon pou moun vaksine pou kowonaviris la, genyen yon pòte mondyàl, e peyi Dayiti supòte yon parèy demach ki iminan. Sepandan, ministè a rete kwè yon parèy demach dwe enskri nan yon kontèks ki dwe ran kont de reyalite pèp ayisyen an, an fonksyon de yon seri konpleksite ak vizyon pèp ayisyen an sou pandemi an.

Anplis de sa, kantite dòz vaksen ke yon parèy demach rekòmande, enpòtan anpil avan pou otorite sanitè ayisyen yo ta chwazi yon vaksen ki ta menm fasilite yon sèl dozaj.

Paralèlman, vaksen AstraZeneca a pa sispan ak pèdi plim nan plizyè rejyon sou planèt la kote ke Ostrali, Endonezi, Angletè ak Filipin kanpe jodi jedi a itilizasyon vaksen sa ki pou kovid-19, pandan ke “African Union” lèse tonbe plan pou li te achte vaksen an moman sa. Vaksen AstraZeneca ap pran yon pakèt refu ak kontwovès e gen gwo difikilte pou li delivwe yon parèy pwodwi bay popilasyon mondyàl la, dapwè Reuters www.reuters.com/article/us-health-coronavirus-astrazeneca-idUSKBN2BV2BA.

Comments are closed.