Divès òganizasyon sosyo politik anonse yon mach pasifik an siy de solidarite ak polisye yo ki viktim anba bal bandi.

01-26-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès reprezantan òganizasyon sosyo politik mete tèt yo ansanm atravè yon konferans deprès aprè midi jedi 26 janvye 2023 a devan komisarya Santral Tigwav la, nan lide pou anonse yon mach pasifik yon fason pou pote solidarite yo ak polisye kap mouri tankou grennen lapli anba bal bandi sangwen.
Mireille Drantil ki pale nan non òganizasyon yo, fè konnen lapolis se sèl fòs legal yo genyen nan peyi a; li pa nòmal pou yo kwaze 2 bra yo ap gade pou kite bandi ap imilye, touye polisye frè konpatriyòt nou yo nan kondisyon sa a chak jou bondye mete.
Madam Mireille repwoche chèf gouvènmen defakto Ariel Henry a, li di ki pa poze okenn aksyon ki lakoz bandi yo ap detwi lavi polisye yo.
Militant politik la, Mireille Drantil mande tout polisye yo nan Tigwav pou akonpaye yo nan kad mach pasifik sila a; li envite tout moun pou mache ak mayo blan, mayo nwa. Yo ap demare demen vandredi 27 janvye 2023 a devan komisarya a, vè 4 trè 30 pou al mande Ariel Henry kanpe machin lanmò kap fini ak polisye yo.






