Ayiti Sekirite: Polis Nasyonal la prosede ak arestasyon yon nich moun nan Sidès peyi a

1,531

04/09/2022

 Jakmèl, Depatman Sidès_____(TRiboLAND) nan yon banlye ki rele Bwànèf nan vil Jakmèl, ajan PNH yo prosede ak arestasyon yon makòn moun jodi samdi 9 avril 2022 a nan depatman Sidès peyi a pou asosyasyon malfektè ak posesyon zam ilega.

Se yon veritab kout privye ki pran nan sènay moun tankou: Toslet Lindor Milord Jonas Sanon, Leslie Nozil, Guitar Sanon, Roma Jeudi, Veriane Jean, Colbert Sanon, Vital Pierre Harryson, Jean, Louise Bonzil, Jameson Jules, Dieuquifet Sanon e latriye, selon sa moun te kapab li sou paj enstitisyon PNH la.

An prezans jij depè, ajan PNH yo arive sezi 3 moto siklèt, 2 machin mak Izuzu vè e blan, yon revòlvè mak Smith e Wesson kalbi 38 ak yon fuzi kalbi mak Mosseberg seri L106880.

Anplis, fòs lòd yo fè dap piyanp tou sou 18 telefòn vonvon, 3 machèt, 4 katouch, yon kouto, yon rach, yon pyòch, yon pensèt ak yon pèl ki rele presume bandi sispèk yo chèmèt chèmètrès.

Kidonk, mesye dam yo trouve yo nan moman sa nan gadavu pou pouswit legal yo.

Comments are closed.