Se nan gwo bwàs ak difikilte pou moun achte yon ti glas nan vil Pòdpè

1,332

09-11-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TRiboLAND) Depi aprè gwo mobilizasyon sou problem gaz la nan Pòdpè, se nan gwo bwàs ak difikilte pou sitwàyen yo arive jwenn yon ti glas ak dlo trete achte.

Moun ki gen konpayi yo, trouve y’ap fè fas ak gro kontrent pwodwi glas ak dlo akoz ratman gaz kap sakaje site Kapwà Lamò a. Konsa pwodwi ki rele “glas” ak “dlo trete” a, se prèske nan dòmi pou wè sa.

Nan majorite makèt yo nan vil Pòdpè pan sispan boure ak liyn moun, jis pou boske yon ti moso laglas. Se yon veritab retou an aryè an tèm evolusyon. Tankou yon SDC, ki se yon makèt byen koni nan Pòdpè, se nan eleksyon pou achte yon ti miyèt glas jodi dimanch 11 septanm 2022 a. E menm gen lòbèy ak batay nan liyn kliyantèl la.


Izin glas Pòdpè yo gen divès kalite pwoblèm pou yo fonksyone, pami yo, pwoblèm gaz la. Machin ki konn sot Gonayiv pou vin vann glas, pa vrèman ka reponn ak kantite demand yo. Anplis pwoblèm gaz la, men sitiyasyon sosyopolitik peyia, manifestasyon fè yo pa ka pote kantite yo te konn pote a.

Lavi an Ayiti ap vinn pi envivab chak jou ki jou, alòske otorite vwayou yo pa janm di ou montre yon minimum kapasite pou menm ta jere yon katye alewè yon popilasyon.


Comments are closed.