2 endividi kondane a pèpetwitye, youn pou 15 lane nan kad jijman TPI Pòdpè a, pou tantativ asasina sou Calipso Frantz, yon kanbiz nan lane 2020

1,240

01-25-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLANd) Nan yon asiz kriminèl san asistans jiri kap manniganse nan Tribinal Prèmyè Enstans Pòdpè, Jij Fresnel Durosier rann plizyè desizyon jistis. 2 endividi jwen kondanasyon yo, kote yo pral pase tout rès vi yo nan prizon, alòske yon twazyèm pral genyen pou koupi dèyè bawo pou 15 lane.

Joseph Alixène alyas “Kabicha” 30 lane, Blanc Prospère alyas “Jamayiken” 29 lane kondane pou al pase tout rès vi yo nan prizon; alòske Ylrick Ferjuste 40 lane kondane pou 15 lane. Konsa, kondanasyon kriminèl say o chita plis sou: asosyasyon malfektè, vòl ak zam nan men e tantativ asasina sou kanbiz Calipso Frantz 65 lane, nan dat 3 avril 2020, nan zòn Ri Maurepa, Pòdpè.

Mesye sa yo te bay Calipso 2 katouch, youn nan kou ak yon lòt nan epòl vè 4è 30 nan maten pandan li tapral travay.

Kondane yo ap gen pou bay 50 000 Goud kòm amanm ki pral nan sakèt Leta, ak 2 milyon goud kòm reparasyon sivil ki pral jwenn Calipso Frantz. Si yo pa peye lajan sa, yap pran 5 lane anplis.

Comments are closed.