LONI : Antonio Gutteres reyitere detèminasyon li pou genyen yon fòs lame entènasyonal rapid ki pou al mete lòd nan peyi Dayiti.

1,029

01-23-2023

Sekretè jeneral LONI an, Antonio Gutteres pa kache prewokipasyon li ak tristès ki anvayi kè li sou degradasyon sityasyon politik, sosyàl ak ekonomik peyi Dayiti a.

Nan yon rapò ke li mete deyò jodi lendi 23 janvye 2023 a, Gutteres mande an ijans deplwaman yon fòs lame entènasyonal espesyalize ki pou al mete dlo nan diven machan lanmò anndan peyi Dayiti ki pa kapab ankò.

Sekretè jeneral la, reyitere atravè rapò tris sa, volonte LONI pou retabli yon etadedwà nan peyi Dayiti, yon mannyè pou tout latriye sitwàyen ayisyen arive jwi tout dwà sivil ak politik yo jan sa dwe ye an tout sekirite.

Konsa, nan fen rapò a, Antonio Gutteres estime ke anpil moun bat gro bravo pou sanksyon plizyè peyi tankou Kanada ak Etazini ki pandye sou tèt yon latriye demolisè. Kidonk, li reyitere angajman li nan nivo sosyàl, politik ak Ayiti.

Nap raple, kòmanse sou propagasyon kolera, LONI se youn pami yon pakèt lòt pwazon entènasyonal ki kontribye nan efondre Ayiti.

Comments are closed.