Oh non! Yon lòt polisye tonbe pou yon yèm fwa anba men bandi san fwa

0 370

Site Solèy, Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon polisye ajan 2 ki pote non Fortuné Wadson mouri anba bal nan Kafou Dwouya jodi Vandredi 17 Avwil la 2020 an.

Dapwè temwen rapòtè, se endividi abò yon kamyon ki ta louvwi zam sou polisye a nan yon tchèk pwent. Viktim ki pran yon bal nan tèt te fè pati 24 èm pwomonsyon Polis Nasyonal la e li te afekte nan Komisarya Site Solèy. Wadson tap benyen nan san ak tout inifòm nan moman egzekisyon pwosè vèbal la ki tap redije anba kout plim Jij Depè Komenn Site Solèy la, Evens Leveque.

Polisye Fortuné mouri 2 jou apwè ke Pwemye Minis Jouthe Joseph ap fè je dou bay bandi yo e li konfime kòkòday li ak chèf gang kap mete dlo nan zye popilasyon an chak jou Bondye mete.

Leave A Reply