Entènasyonal Ajanten an voye jete demand Klèb Foutbòl Sawoudyen an.

929

Léo Messi pa deside al jwe pou Club Foutbòl Al-Hilal la nan peyi Arabi-Sawoudit.

01-21-23

Arabi-Sawoudit, yon n nan candida òganizatè Mondyal 2030 lan, pa sispann anvizaje gwo eksplwà nan kesyon foutbòl la. Pou anpil moun, gwo demand, achte jwè gran kalib tankou Christiano Ronaldo, kapab zoume foutbòl Sawoudyen an nan yon klendèy.

Konsa, aprè yo te fin fè acha ou akizisyon sou entènasyonal Pòtigè a, Cristiano Ronaldo, san pran tan, yo ta pral ofri Léo Messi, entènasyonal Ajanten an, 306 milyon ki, san pèdi tan voye jete byen lwen demand Club Foutbòl Al-Hilal la.

Pou papa Léo Messi, pitit li a deja genyen ase kòb poul viv, li pa menm bezwen al jwe nan peyi Arabi-Sawoudit pou lajan.

Comments are closed.