Sitting-Jan Rabèl: Lekòl ki bati pou yo depi 2017 fèmen kòm bèbèl, alòske yo loje nan yon lekòl ki prèske tonbe anba je leta!

241

01/23/21

Jan Rabèl____(TRiboLAND) Elèv ki afekte nan 3e Sik Fondamental lekòl Nasyonal Janrabèl, ki lokalize’l nan 1e Seksyon Babpanyòl, òganize yon sitting, jounen vandredi 22 janvye 2021 an anndan espas respektif lekòl la yon fason pou fòse otorite edikatif yo transfere yo sanpèditan nan etablisman eskolè tounèf BID ak Leta ayisyen te konstwi pou yo depi nan lane 2017.

Ak pankat nan men ki gen revandikasyon yo, elèv sa yo mande leta pou tande kri yo pwiske nan ansyen lokal kote yo loje aktwèlman an, fisire, eta delabweman, fann anmiyèt moso depi nan gwo tranblemandetè 4/5 Oktòb 2018 la kote ke yon pakèt lekòl te kraze ou andomaje.

Kòdonatè 3e sik fondamantal lekol sa a ki se pwofesè Mertilus Arsène, gen plis pase deseni depi l ap travay nan etablisman eskolè a san statu lèt nomination. Li deklare se pa nòmal pou timoun ap resevwa pen lenstriksyon nan kondidyon parèy, kote l mande pou leta deplase elèv anndan ansyen lokal sa a vite e prese pou evite yon malè pandye sou tèt timoun yo.

Fòk nou di paran yo ki te akonpanye pitit yo nan yon parèy sitting, pat kache mekontantman ak desepsyon yo. Yo mande minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet, di yon mo nan sityasyon difisil pitit yo ap andire anndan lokal 3e sik fondanmantal Babpanyòl la.

Li enpòtan pou sinyale ke elèv Lycée Louis Joseph Janvier nan Jan Rabel pa sispann reklame konstriksyon yon nouvo lokal pou loje enstitisyon saa ki fin kraze e ki twouve l nan yon eta delabreman anba grenn je otorite nan peyi dayiti ki maske ak lunèt nwa.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.