Akoz absans kouvèti asirans sante, yon jènn adolesans mouri pou tretman kovid-19

0 329

Lòs Annjelòs___(TRiboLAND) Dapwè sit entènèt Gizmodo, Yon jènn adolesan 17 lane mouri nan Lòs Annjelòs, Kalifònya, akoz absans kouvèti swen sante pou tretman Kovid-19, dapwè sit entènèt Gizmodo nan dat Mas 27, 2020. Se pwemye jènn moun ki tonbe anba kowonaviris la nan peyi Etazini.

Dapwè Majistra Lancaster, Rex Parris, yo refize pwokire li tretman klinik dijans paske li pat genyen asurans maladi. “Li pat gen asurans, konsa yo chwazi pa trete l”, selon Mesye Parris.

Majistra a eksplike egalman ke pèsonèl medikal la ta sujere viktim ale nan sal dijans nan lopital piblik, Antelope Valley. Sepandan, pandan li te wout, li fè yon kriz kadyak.

“ Lè li rive lopital Antelope Valley, yo reanime li e kenbe l an vi pou plis pase 6 èd tan”, dapwè Parris. Li enpòtan pou sinyale, ke jènn sa pat genyen oken patoloji ki te ka agrave Kovid-19 jiskaske pou li ta mouri.

Leave A Reply