PNH konte resevwa plizyè blinde kòmande kap soti nan peyi Kanada

990

01-11-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon kominike ke lifè sòti jodi mèkredi 11 janvye 2023 a, Afè Mondyàl Kanada anonse ke Fòs Ame peyi Kanada transpòte pa avyon nan peyi Dayiti, yon seri machin blende ke gouvènman ayisyen te kòmande ou achte.

Livrezon machin sa yo antre nan kad pou bay jarèt efò Polis Nasyonal la nan batay kont vyolans gang ame kap teworize sitwayen ayisyen yo e ki kanpe ankwà kont egzekisyon tout sèvis primè ak èd imanitè, dapwè sa kominike Afè Mondyàl peyi Kanada a fè konnen.

Kominike peyi Kanada a, rapouswiv pou li di ke, peyi Kanada ap kontinye mete anpil presyon e sanksyone fabrikatè vyolans gang yo kap ekstèmine popilasyon ayisyèn nan; li kontinye pou li di ke sanksyon ap toujou enpoze sou lelit ayisyèn nan kap bay gang tete. “Moun sa yo dwe sispann finanse ak bay gang kriminèl yo zam”, toujou daprè kominike peyi Kanada a.

Comments are closed.