Grangwav : tantativ asasina sou majistra asesè Jean René Jacob di “Malgachi”.

1,042

01-11-2023

Grangwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Majistra asesè komin Grangwav la, Jean René Jacob alyas “Malgachi”, nan yon entèvyou ke li bay laprès jodi mèkredi 11 janvye 2023 a, denonse  yon tantativ asasina li di ki fèt sou li nan lannwit madi 10 pou louvri mèkredi 11 janvye 2023 a.

Mè adjwen an, Jean René Jacob deklare tantativ asasina li viktim nan lannwit yè swa, se yon militè ki fenk gradye nan lamè Dayiti ki ta komèt zak sa a,sou li.

Jacob ki pat vle bay twòp detay, fè konnen la Jistis nan jiridiksyon Tigwav deja sezi dosye a, pou swit legal yo.

Nap siyale, majistra adjdwen an, Jean René Jacob, presize li deja rekipere zam li yo te pran nan tantativ asasina sila a.

Comments are closed.