Yon ti fiyèt kap viv nan lari vil Okap mouri krible anba bal yon ajan sekirite pou granmesi

565

Okap____(TRiboLAND) Pwofesè Kesner Telusma, atravè MKR denonse konpòtman yon pakèt òganizasyon ki pretann ap defann dwa moun pa leve kanpe fas a lanmò yon ti fiyèt 14 lane, Mamoune Regis ki abitye swiye machenn nan lari vil Okap ki mouri lachman anba kout zam yon ajan sekirite 18 jwen dènye.

Mamoune Regis ap swiye machenn nan lari Okap

Responsab la deklare ke li vle ale jiskobou avèk yon parèy dosye panda ke li pa tande oken òganizasyon prononse yo sou krim odye sa ki fèt nan dezyèm vil peyi a sou yon malere ki te senpleman kesyone otorite yon ajans sekirite yon restoran ki deside pou fè tèt li plezi anlve lavi yon ti fiyèt avèk plizyè katouch lachman.

Reprezantan MKR la, ap mande jistis pou Mamoune Regis ki ta sanble pa egziste pou anpil òganizasyon ki swadizan di y’ap defann dwa timoun ou sitwayen anndan peyi a. Sepandan, pandan ke ajan sekirite a ap flannen 2 gidon, restoran an kontinye ap fonksyone san kè sote nan vil kapwaz la, lajistis pa mete aksyon piblik an mouvman, Kesner Telusma deklare sou yon radio nan kapital la ke lap fè tout sa li kapab pou ti inosan malere sa jwenn jistis.

Comments are closed.