Fineray Jounalis Ricardo Crib chante sou plasman Tigwav la.

975

01-08-2023

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Fineray Jounalis Ricardo Crib chante sou plasman Tigwav la jounen dimanch 8 janvye 2023 a; an prezans fanmi, zanmi pwòch li yo, ekip radyo Planèt Vibrasyon, divès òganizasyon sosyo politik ak kèk pèsonalite nan vil la te make prezans yo.

Nan okazyon an, te genyen divès gwoup ki te pran pawòl; se ka pòt pawòl Kowalisyon pou Sove Komin Tigwav, Berthony Borgella; ekip Radyo planèt Vibrasyon ki te genyen nan tèt li Ricardo Jean Michel, Jean Prague Louiral elatriye…

Nan diskou sikonstans yo, divès entèvenan pat mete dlo nan bouch yo, pou denonse prezime ansyen polisye revoke Jerry Acange Anderson Leconte, yo di ki asasinen jounalis Crib Ricardo.

Entèvenan yo deklare, la mò Ricardo planifye depi lè sèten manm nan sektè prive a, sèten aspiran kandida pou pòs depite nan Tigwav ap itilize Jerry pou siveye biznis yo epi teworize sitwayen yo ak gwo zam, yon fason pou yo kapab genyen pwochèn eleksyon yo.

Aprè fineray la, nan moman popilasyon ap kondwi kadav la pou ale nan simetyè; lè yo te rive devan pakè Jiridiksyon an, tonton Ricardo ki se Nesly Crib, te bay yon konferans nan lide pou denonse absans ou dezangajman otorite jidisyè yo nan moman pou te drese konsta legal kò Ricardo ki te genyen twou bal ki nan bra ak poumon li.

Ansyen kandida nan eleksyon pase yo, Nesly Crib, mande lapolis ak la jistis pou pran responsabilite yo pou mare Jerry Acange Leconte Leconte tankou krab, jije li, pini li pou zak asasinay li fè sou plis pase yon dizèn jèn gason nan kominote tigwavyèn nan.

Fwa sa a, wè pa wè fòk fanmi Ricardo jwen jistis ak reparasyon, se dènye gout dlo kap chavire vaz la,selon Tonton Ricardo Nesly Crib ki tap depoze aprè fineray la.

Nap souliye, sitwayen yo ta pral transfòme fineray la an veritab manifestasyon, lè yo te rive nan zòn kay prezime kriminèl la, Jerry Acange Leconte. Manifestan yo te anvayi kay la; sa te pwovoke gro van tansyon, kote gwo lapli kout ròch ak boutèy tap lanse ni bò kote pwotestatè yo ni bò moun ki nan zòn Jerry Acange Leconte. Se gras  ak konkou la polis ki ta pral kalme sitiyasyon malouk sa a.

JOICY Arnold

Comments are closed.