Jèn Ri Monfò tounen ak jwèt Baskèt nan zòn nan, nan lide pou kouri dèyè delekans

473
0
Share:
TRiboLAND

01-04-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Sou inisyativ enjenyè Widler Garnett Petit ak Me Sony Cadestin, blazon jwèt baskèt la redore nan Ri Monfò aprè anpil tan. Ri Monfò ki al bout nan zòn Dè Ti Pòdpè, se yon katye popilè nan vil Pòdpè ki gen anpil move renome pou konpòtman ak divès zak malonèt ki konn anrejistre nan lokalite a.

Pi gwo kado Enjenyè Widler Garnett Petit te ka fè ti mesye Ri Monfò yo, se pèmèt jwèt baskèt la repran lavi sou katye a. Sou demand Rev Pè Lazard, aktyèl kire Pawas Monfò a. Aprè gwo travay ki te fèt nan Ri Monfò, gras ak kouch asfalt ki gen nan ri a, jiska rantre presbitè a, jèn yo trase espas ki kapab akomode yon panye basket kote chak aprèmidi tout moun fè deran pou asiste yon jwèt baskèt nan pwensip ak respè.

Pou te lanse aktivite a, staff baskètbòl Pòdpè a te reponn prezan; konsa, se te nan lide pou konbat delenkans jivenil nan zòn nan. Pou konkli, staff la te menm anonse nenpòt jèn ki ta swete lanse yon aktivite konsa nan katye lakay yo, ap kapab jwen sipò yo. Sèlman yap bezwen espas jwèt la, epi staff baskètbòl Pòdpè a, ap fè tout rès travay yo.

Foutbòl ak Baskèt se 2 pami jwèt jèn Ri Monfò yo pratike. Plizyè kire ki te pase nan Pawas Monfò a, tankou Pè Wilner Donecia ak Miguel Dolcé, te toujou pale ak moun ki nan kominote a, pou fè yo konnen espò se youn nan bagay ki ka konbat delenkans kay jèn yo. Lidè relijyez sa yo, te menm pran plezi nan òganize chanpyona, ak pèmèt gen plizyé ekip ki soti nan zòn Dè Ti Pòdpè a. Malerezman, movèz jesyon dènye komite a lakoz Pak Sen Monfò a te abandone. 

Share:

Leave a reply