Moun Lakwà Sen Jozèf fete viktwa ke yo genyen sou kò gang ki tap fè yo moute ma swife: tout aktivite yo repran mach yo

2,335

10-06-2022

Lakwa Sen Jozèf, Pòdpè_____(TRiboLAND) Aprè aktivite operasyon mache pran bandi gang ki tap fè lapli ak bontan nan Lakwà Sen Jozèf, popilasyon an, jodi jedi a anime anba yon kontantman ke moun pat janm wè depi group gang te kòmanse fè yo moute ma swife.

Se te yon veritab eksplozyon rejwisans nan tout kwen atravè seksyon an. Moun soti nan tout bout kwen pou antre vin fete yon moman viktwà avèk sa yo ki te oblije ap viv nan maron pandan ke yo tap subi vyolans anba men chèf gang sangwen Eric Prospère ke yo dekapite ak tout klik li yo nan dènye jou sa yo.

Rara, mizik, rejwisans, divètisman, aktivite mache, lakannay, selebwasyon ak reouvèti yon seri biznis ou enstitisyon relijyez ouvri pòt yo; yo tout vin operasyonèl pou yon lòt fwa ankò jodi jedi 6 oktòb 2022 a.

Daprè repòtè Rambo, anpil moun ki te soti nan vil Pòdpè ak kèk lòt komin te prezan, yon fason pou yo te selebwe avèk popilasyon Lakwà Sen Jozèf la ki eksprime yon santiman eroik nan arive eradike mouvman gang lan nan Lakwa. Pou anpil nan yo, gras ak bravou vayan jèn gason nan lokalite a, yo arive mete do gang sangwen yo atè; yon travay ke menm polis nasyonal la te gen difikilte akonpli.

Anfen anpil temwanyàj ak anpil istwà sou peripesi sitwàyen sa yo te pase anba gang. Anpil nan yo te pèdi manm nan fanmiy yo, kay yo e yo tap dòmi nan raje. Malgre yap soufri anba lamizè e se 2 moun ki pou mete ansanm pou achte yon gode diri, yap fete e yo tou profite mande demisyon Ariel Henry sou pouvwa ki pa ni byen manman’l ak papa’l la.

Antouka, popilasyon Lakwa Sen Jozèf trase yon egzanp ke anpil lòt zòn ki enfekte anba gang ta dwe adopte; antan ke moun ki sòti nan zantray Kapwa Lamò, yon ero nasyonal ki te mete ajenou Lame Napoleyon an alepòk kolonyàl. Pandan popilasyon an sèmante pou sa pa janm fèt ankò! Nou di: Viv Vanyan siwàyen ak sitwàyèn nan Lakwà!

Se premye fwa depi egzistans gang sangwen nan peyi a, tout yon lokalite mete tèt yo ansanm pou eradike, pirifye e pran kontwòl lakay yo anba men gang.

Comments are closed.