Kandida pou pòs pwezidansyèl gwoupman politik VIKTWA a debake an chango nan vil Pòdpè

09/19/2026
Pòdpe, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè aparisyon ansyen senatè Évalière Beauplan nan vil Pòdpe, nan mwens 2 jou, depatman ke otorite yo toujou trete an paran pov, resevwa jodi samdi 19 septanm 2026 la, vizit touche tounen kanpay Wilner Joseph ki soti anndan matris pwimati ke Pwemye minis Didier Fils-Aimé ap dirije.
Antouka, se pa yon mistè pou pèsòn si yon parèy vizit koresponn ak aparisyon ansyen senatè Évalière Beauplan, ki jounen jodi a trouve l’ap fè pye sòl pou kandida a, kote ke yo ta sanble mare sosis yo ansanm anba kouvèti VIKTWA.
Kidonk, kandida Wilner ki akonpanye ansyen Pwemye minis Jean Henry Céant e latriye, ap genyen anpil bwas pou li fè nan arive mize sou elektora Nòdwès la, akoz akwentans li ak yon seri politisyen divizè ki echwe ou epwize nan gagote pandan plizyè manda krate santi fas ak yon depatman ki efondre nan tout konpatiman li.
Kandida Joseph kapab genyen petèt bonjan entansyon, men ramifikasyon li avèk yon seri rat do kale ki deja afiche enkonpetans nan reprezante Nòdwès, anonse yon veritab echèk si ta genyen eleksyon; konsa, nan de ou twa lane ki pase yo, salte, fatra, karans enfwastrikti, deriv, imilyasyon nasyonal, abandon, enkonpetans ak kredibilite, ede popilasyon Nòdwès la vinn wè pi byen.
Wilner Joseph avèk asistans kèk politisyen, ap genyen pou chita pale ak plizyè baz gwoupman politik, ki deja ap trese lèl pou souse yon zo nan moman kanpay la.






