Anviwon 107 etidyant ak etidyan kwafe nan divès disiplin medikal nan vil Tigwav.

06 – 09 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan yon seremoni responsab yo nan Université International des Sciences Modernes et Appliqueés (UNISMA) òganize nan Louco Nigth Club Tigwav, lendi 08 jen 2026 lan, anviwon 107 etidyant ak etidyan kwafe dabi nan divès disiplin medikal. Yon seremoni ki dewoule an prezans plizyè pèsonalite, konsèy medikal la, fanmi ak zanmi etidyant ak etidyan yo.
Fakilte medsin, fakilte odontoloji, fakilte syans enfimyè, fakilte syans medikal, teknoloji medikal, fizyoterapi ak famakoloji, ki te fè objè seremoni grandyoz kwafe dabi a.
Antretan administratè Université International des Sciences Modernes et Appliqueés (UNISMA), mèt Claude Seralien, ki te pran lapawòl nan okazyon an; nan diskou li nan sikonstans lan, li deklare enstitisyon an ap pouswiv objektif li genyen, pou fòme sitwayen yo epi eklere yo. Administratè a, fè konnen gras ak UNISMA, tout kouch sosyal genyen aksè san eksepsyon ak fòmasyon siperyè.
Yon lòt kote, mèt Claude Seralien rapouswiv pou li di ke li remèt etidyant ak etidyan yo ak inifòm blan san tach devan piblik la ak yon gro responsablite e angajman sitwayen.





