Gouvènman brezilyen an tire pye kont desizyon Repiblik Dominikani, lè li deside fèmen fwontyè li ak Repiblik Dayiti.

835

09-17-2023

Brezilya, Brezil__(TRiboLAND) Konfli peyi Repiblik Dominikèn ouvè kont peyi Dayiti a, pou zafè itilizasyon kanal irigasyon Rivyè Masak la, ta sanble mete move gou nan bouch gouvènman brezilyen an.

Nan yon entèvansyon prezidan peyi Brezil la fè, Luiz Inacio Lula da Silva, devan televizyon laprès, li pase lòd ak anbasad peyi Dominikani ki nan peyi Brezil, pou li remèt kòb viza ke ayisyen yo te achte nan men gouvènman panyòl la.

Pou anpil ayisyen, pozisyon prezidan brezilyen an, se siy ki montre anplis nivo solidarite gouvènman brezilyen an fas ak seri desizyon rasis gwo ponyèt san fondman prezidan tèt cho dominikano-libanè a, Luis Abinader Corona ap pran kont ayisyen yo, yon fason pou li kapab jwen mileyaj politik.

Comments are closed.