Kowonaviris: Etazini ap prepare pou yon vaksen, tandis ke Lafrans ap ekzekite yon plan derelans

294

09\03\2020

(TRiboLAND) Otorite sanitè federal yo nan peyi Etazini mande tout Eta yo pou  bay dèyè yo 2 tap yon fason pou diferan sant distribisyon pon nouvo vaksen kapab konplètman operasyonèl apati 1e novanm 2020 kap vini la, swa avan eleksyon prezidansyèl la.

Prezidan Donald Trump, candida pou re-eleksyon 3 novanm yo e ki ap mal mennen nan sondaj yo, espere wè peyi Etazini genyen yon vaksen ane sa.

Plis pase 6,1 milyon moun kontamine nan peyi Etazini anba viris la e kantite moun ki mouri yo depase 185 000, daprè dènye chif inivèsite Johns Hopkins yo ki difuze yè mèkredi swa a.

Epidemi an kontinye ap vale teren nan Brezil kote ke kantite ka yo rive jiska kat milyon, daprè dènye dekont ofisyèl yo yè mèkredi a.

Ka yo ap moute seryezman! Nan peyi Lafrans, plis pase 7000 nouvo ka anrejistre nan dènye 24 èd tan yo; yon kandale moute ki fèt tou yè mèkredi a daprè sa otorite yo te anonse. Malgre move nouvèl sa yo, repriz progresiv vòl entènasyonal yo an direksyon Pekin ap kòmanse jodi jedi a.

Lafrans anonse yon jodi jedi a yon plan pou relanse 100 milya ewo pou 2 lane, nan espwa pou sumonte eprèv epedemi kowonaviris ke Etazini espere eradike gras ak distribisyon yon vaksen evantyèl nan mwa novanm yo.

Comments are closed.