Lapolis fouke 2 manm gang sangwen 400 Mawozo nan Mibalè

1,127

12-14-2022

Mibalè, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal anonse ke li poze lapat pandan weekend pase a sou 2 manm gang sangwen 400 Mawozo nan Mibalè.

Daprè responsab PNH yo, Almase Daphinise ki genyen 51 lane, ki se moun Kòniyon, se manm asosyasyon malfektè a ki ap feraye an granmoun nan komin Kwadèboukè. Almase, daprè otorite yo, espesyalize nan kase tèt tounen kamyon machandiz.

Kontrèman ak Almase, Alain Joseph ki genyen 35 rekòt, se yon lòt sangwen ke fòs lòd yo entèpele. Annafè a tap travay kòm antènn tchoul 400 Mawozo nan estasyon machin Kwadèboukè a, daprè konfimasyon PNH la.

Comments are closed.