Gwoup sangwen, “400 mawozo” kidnape apepwè 7 relijye

328

04/11/2021

Kwa Dèboukè_____(TRiboLAND) Bandi kidnapè “400 mawozo” arive mete men sou yon gwoup pè ak relijyez nan moman yo t’ap kandale desann sou wout Kwa Dèboukè maten dimanch 11 avril 2021 an e yo mande yon gwo magogo lajan an echanj pou liberasyon yo.

Gwoup relijye a ki te apepwè yo 7: Sè Anne Marie Dorcelus (Petite Soeur Saint Thérèse); Pè Michel Brillant ki se yon fwansè; Pè Evens Joseph; Pè Hugus Baptiste ak Jean Nikès Milieu ki soti nan sosyete Pè Saint Jacques ak Mè ak Sè Pè Joseph yo, yo tout t’a pràl byen bonè nan Gantye pou patisipe nan enstalasyon youn nan pwèt Legliz Imakile Galèt Chanbon an.

Dapwè kèk sous ki pa ka verifye, bandi sangwen yo mande yon milyon dola ameriken an echanj pou liberasyon yo. Nap raple, nan dènye jou sa yo, aktivite kidnapping anndan peyi bay anpil kè plena k toumant; anba je swa dizan otorite ywayou e inyoran ki fè kolòn ak kidnapè pou kolekte milyon dola ameriken chak minut sou tèt sitwayen ayisyen anndan yon peyi ki deja efondre.

Enel Richard, Pòtopwens

Comments are closed.